Songtexte.com Drucklogo

Pap negosyew Songtext
von Harmonik

Pap negosyew Songtext

P ap negosye w
Mwen p ap negosye ou, dodou
Menm si w ale
M ap vin chèche w kanmèm

P ap negosye w
Mwen p ap negosye ou dodou
Menm si w ale

Sa fè de zan depi mwen damou
Malgre tout sa mwen fè
Pou m pa aji tankou moun fou (pou m pa aji tankou moun fou)
Mwen konnen byen w ap obsève m
Ou tande bri kouri sou mwen tout kote
Pawòl moun di fè w ap make m
Se sa k fè ou mete m nan penitans

Mwen pa vle w fè m peye (mwen pa vle w fè m peye)
Mwen pa bezwen peye
Pa vle peye pou feblès mwen
Se lanmou, se lanmou, se lanmou


Mwen pa vle w fè m peye (mwen pa vle w fè m peye)
Mwen pa bezwen peye
Pou yon kado Bondye mete nan kè m
Se lanmou, se lanmou, se lanmou

Men aprezan mwen deside (mwen deside)
Montre w yon lòt moun
Yon lòt aspè de mwen
Cheri pa dezekilibre m
Mèt ekri w, ou p ap pran plim lan pou reponn
Ou wè vilnerabilite m
M ap tann ou vin wete m nan penitans mwen

Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pa vle peye pou feblès mwen
Se lanmou, se lanmou, se lanmou

Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pou yon kado Bondye mete nan kè m
Se lanmou, se lanmou, se lanmou

P ap negosye w
Mwen p ap negosye ou, doudou
Menm si w ale, m ap vin chèche w kanmèm


P ap negosye w
Mwen p ap negosye ou, doudou
Menm si w ale

Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh

Mwen toujou mande kijan ou ye
(Oh-oh, oh-oh)
Ou pa janm mande m kòman mwen ye
(Oh-oh, oh-oh)
Mwen toujou mande kijan ou ye
(Oh-oh, oh-oh)
Oh, ou pa janm mande m kòman m ye
(Oh-oh, oh-oh) ou janm mande m kòman m ye

Oh, ouh-oh (lion definition)
Oh, ouh-oh (di lamò m p ap negosye fanm sa tande! Chalè!)
Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh

Si w pa nan vi m, pou mwen, se pi gwo krim (nan vi mwen)
Yon krim ki ka paralize m
M ap gad telefòn nan, m pa wè w ekri m (ekri mwen)
Mwen konnen w gen pawòl pou di m
Li fè m mal jan m tande moun ap dekri (lavi mwen)
Doudou, mwen p ap jwe viktim
Sou entènèt la se pa de kout plim (sou do mwen)
Poutan w konnen mwen plis ke tout zòt k ap pale yo

Ou fè m wè gen lanmou toujou
Ou fè m wè gen lanmou
Ou fè m wè gen lanmou toujou
Ou fè m wè gen lanmou

Si w pa nan vi m, pou mwen, se pi gwo krim (nan vi mwen)
Yon krim ki ka paralize m
M ap gad telefòn nan, m pa wè w ekri m (ekri mwen)
Mwen konnen w gen pawòl pou di m
Li fè m mal jan m tande moun ap dekri (lavi mwen)
Doudou, mwen p ap jwe viktim
Sou entènèt la se pa de kout plim (sou do mwen)
Poutan w konnen mwen plis ke tout zòt k ap pale yo

Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh
Oh, ouh-oh

Mwen toujou mande kijan ou ye (oh-oh, oh-oh)
Oh, ou pa janm mande m kòman mwen ye (oh-oh, oh-oh)
Mwen toujou mande kijan ou ye (oh-oh, oh-oh)

Oh, ou pa janm mande m kòman mwen ye (oh-oh, oh-oh)
Oh, ou pa janm mande m kòman mwen ye

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Harmonik

Fans

»Pap negosyew« gefällt bisher niemandem.